Articles

Affichage des articles du septembre, 2023

Kwen Powetik Kècho...

Image
M pral rantre... M pa loa nan tèt vèditè m pa gen mistè m pa sou men m pral louvri baryè lakou w pou m fouye vodou m p ap jete kafe atè ni devan w trase vèvè men m pral nan ginen sou do w chwal malen zye m wouj byen kale m santi bon m poudre pye m solid oo! m ap sonde tè m ap koupe fè, m ap fè ak defè makoutim byen sele nan do m lavi miyò m pral bouske avan m travèse al nan repo m san fòs e san soulye m pral rantre m ap retounen san m pa chanje nati tire kout kanno san fizi rache fèy nan dlo w lave tèt mwen © Malherbe JOSEPH 18 Septanm 2023 9è 13 nan aswè ✅

Kwen Powetik Kècho...

Image
Onoma pito m pe... Tchòp tchòp lè pye m pran nan lagon w lè douvan w larivyè gonbo desann nan janm ou jouk arebò jaden lalo w tchòkòp tchòkòp lè peyi ba w inonde pandan m ap pawaze san sovtaj nan vilaj ou de zye fèmen m ap voye manch tchouboum lè m plonje nan basen w depi tèt mòn lakrèt pou m touche kè latè ak lonbrit li jouk mwen satiyèt biskèt li hon hi hon hi hon m ranni pi mal pase bourik lè m pral met anba m kanpe sou tèt zòtèy tankou moun kaka kenbe lè baton m ak woche a pral bay dlo toum toum toum toum lè senti w ap sagwe tankou manman tanbou rara pou banm ochan adwat ak agoch nan mitan chanpwèl paske m fè rantre soti epi m toujou gadavou. © Malherbe JOSEPH Relem Moun  06/09/2023  6è 15 nan apre midi Foto yo : Google ✅

Kwen Powetik Kècho...

Image
Tou griyen lannuit kou lajounen. Kit ou griyen l byen gran yan yan yan kou flanm dife kit ou louvri l debatan yen yen yen tankou tchè flè dizè jouk li fè w mal li bon pou kò ou nenpòt jan toutotan w ka griyen l se pou w byen griyen l paske griyen dan bon pou sante w. © Malherbe JOSEPH Alyas Relem Moun  06 Septanm 2023. Foto a : Google ✅

Kwen Powetik Kècho...

Image
Lajan konn deside !!! Li ka bay moun machacha tankou pikan kwenna bay gratezon lè l gonfle nan pòch li ka bay lide kote ki pa t genyen menm lè l poko rantre retire somèy moun ki twò konte sou li li ka fè moun danse san mizik pale ak depale san rete lajan se yon nanm li ka fè moun dedouble chanje nati li ka pale fò san fè bri envante pwojè byen avan l vini depi li la  nan zòrèy ou l ap chwi chwi chwi : "Depanse m" li ka itilize moun mal  ki pa ka itilize l byen li pa dakò pèsonn kwense l se tankou l gen nen pou w pa toufe l pa kite l deside ni san ou ni nan plas ou pou l pa tounen fwèt kach ou pou l pa pote chagren pou ou li ka leve w byen wo epi l frape w atè fè bonè w oubyen malè w li difisil pou w genyen l men britsoukou ou ka pèdi l se yon bon move bagay li ka fè w viv lontan san dan fè w vin angran antere w tou vivan se yon medikaman inivèsèl se disèl ki bay lavi bon gou men se lè li sèvitè kote moun se mèt. © Malherbe JOSEPH 04/09/2023 8è 51 nan aswè.