Kwen Powetik Kècho...



Tou griyen lannuit
kou lajounen.


Kit ou griyen l

byen gran

yan yan yan

kou flanm

dife


kit ou louvri l

debatan

yen yen yen

tankou tchè

flè dizè


jouk

li fè w mal

li bon pou kò ou

nenpòt jan


toutotan w ka griyen l

se pou w byen griyen l

paske griyen dan

bon pou sante w.


© Malherbe JOSEPH

Alyas Relem Moun 

06 Septanm 2023.

Foto a : Google ✅

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...