Kwen Powetik Kècho...



Lajan konn deside !!!


Li ka bay moun

machacha

tankou pikan kwenna


bay gratezon

lè l gonfle

nan pòch


li ka bay lide

kote ki pa t genyen

menm lè l poko rantre


retire

somèy moun

ki twò konte sou li


li ka fè moun danse

san mizik

pale ak depale

san rete


lajan se yon nanm

li ka fè moun

dedouble

chanje nati


li ka pale fò

san fè bri

envante pwojè

byen avan l vini


depi li la 

nan zòrèy ou

l ap chwi chwi chwi :

"Depanse m"


li ka itilize moun

mal 

ki pa ka itilize l

byen


li pa dakò pèsonn

kwense l

se tankou l gen nen

pou w pa toufe l


pa kite l deside

ni san ou

ni nan plas ou


pou l pa tounen

fwèt kach ou

pou l pa pote

chagren pou ou


li ka leve w byen wo

epi l frape w atè

fè bonè w

oubyen malè w


li difisil pou w genyen l

men britsoukou

ou ka pèdi l


se yon bon

move bagay

li ka fè w viv

lontan


san dan

fè w vin angran

antere w tou vivan


se yon medikaman

inivèsèl

se disèl

ki bay

lavi


bon gou

men se lè

li sèvitè

kote moun se mèt.


© Malherbe JOSEPH

04/09/2023

8è 51 nan aswè.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...