Kwen Powetik Kècho...

M pral rantre...


M pa loa nan tèt vèditè

m pa gen mistè m pa sou

men m pral louvri baryè

lakou w pou m fouye vodou


m p ap jete kafe atè

ni devan w trase vèvè

men m pral nan ginen

sou do w chwal malen


zye m wouj byen kale

m santi bon m poudre

pye m solid oo! m ap sonde tè

m ap koupe fè, m ap fè ak defè


makoutim byen sele nan do m

lavi miyò m pral bouske

avan m travèse al nan repo m

san fòs e san soulye


m pral rantre m ap retounen

san m pa chanje nati

tire kout kanno san fizi

rache fèy nan dlo w lave tèt mwen


© Malherbe JOSEPH

18 Septanm 2023

9è 13 nan aswè ✅

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...