Kwen Powetik Kècho...
Onoma pito m pe...
Tchòp tchòp
lè pye m pran
nan lagon w
lè douvan w
larivyè gonbo
desann
nan janm ou
jouk arebò
jaden lalo w
tchòkòp tchòkòp
lè peyi ba w
inonde
pandan m ap
pawaze
san sovtaj
nan vilaj ou
de zye fèmen
m ap voye manch
tchouboum
lè m plonje
nan basen w
depi tèt mòn
lakrèt
pou m touche
kè latè ak lonbrit li
jouk mwen
satiyèt biskèt li
hon hi hon hi hon
m ranni pi mal
pase bourik
lè m pral met anba
m kanpe sou tèt zòtèy
tankou moun
kaka kenbe
lè baton m ak woche
a pral bay dlo
toum toum toum toum
lè senti w
ap sagwe tankou
manman tanbou rara
pou banm ochan
adwat ak agoch
nan mitan chanpwèl
paske m fè rantre soti
epi m toujou gadavou.
© Malherbe JOSEPH
Relem Moun
06/09/2023
6è 15 nan apre midi
Foto yo : Google ✅

Commentaires
Enregistrer un commentaire