Articles

Affichage des articles du juin, 2023

Kwen Powetik Kècho...

Image
Lè m pa jwenn pèsonn. Lè m pa jwenn pèsonn pou m pale san m pa deplase mwen evade anndan lespri m m tonbe kalkile pale pou kò m pou tèt mwen pa eklate lè m pa jwenn pèsonn pou m pale m antre nan nanm mwen epi m medite m pran refleksyon m yo tou dezakòde m f on melodi avèk mo m pa ka chante lè m pa jwenn pèsonn pou m pale m ale anfas yon miwa m kanpe m gade tèt mwen k ap gaspiye m f on gwo bri pou m santi m egziste lè m pa jwenn pèsonn pou m pale m ekri tout doulè m sou yon fèy papye m fè yo vin zanmi ak dlo nan zye m m aprann sou yo pou m ka transfòme m lè m pa jwenn pèsonn pou m pale m eple pale plizyè fwa pou m pa depale m rale pèsonalite m pou m apiye m desann sou jenou pou m pa pliye lè m pa jwenn pèsonn pou m pale m fè retrè nan enèji m te anmagazine sa fè m pa plonje lè move tan yo rive gen moman pèsonn p ap ka ede m vre. Malherbe JOSEPH (Relem Moun) 25/06/2023, 8è55 P.M.

Kwen Powetik Kècho (06/06/2023).

Image
  Aprestans... Deyò n parèt byen bèl anndan n ap konsime n ap abiye byen fre pou n kontrekare poubèl anba po n pa yon depo fatra men rèv nou yo pil sou pil kaka Ayiti boude tout efò nou yo sa k ta dwe anba se yo k anwo de grenn pèpè kouvri nidite n epi yon salè mizè kòlte diyite n yon plat aleken ak yon sachè dlo lage moun konsekan nan tèt cho n ap mache men nou malad zo machwè n sou mòd pankad men m yon vye pen ak marinad al mawon nou tankou pentad tout ayisyen poko fou men tèt nou cho tankou fou sèvo nou tout fout kòlòk kòlòk n ap respire men avni nou lòk Aparans/rezistans nou tout sou blòf nou pa gen chwa n oblije kanpe tòf diplòm tounen papye pou siye fant bounda lekòl ak inivèsite kèk tan tounen depotwa Drapo a vin sal pi mal pase koupyè sou moun fou im nasyonal la tankou fo dan nan djòl ti sousou leta se nou nou se leta pa gen bagay konsa ankò politichyen ak bandi ap kale kò yo epi pèp la ap konte mò. nou saj wi men mouche leta langyèt manman w mouche bandi bwa kale nan twou ...

Kwen Powetik Kècho (04/06/2023).

Image
  Lapè a se... Lè toutotou w gen lènmi epi anndan w w ap souri lè toutotou w y ap lage blam, epi anndan w ou trè kalm lè toutotou w bagay yo grav epi anndan w ou rete brav lè yo kwè tout efò w yo pral bout epi siksè mete w sou tèt yo tout lapè a se sa w pa oubyen poko genyen pandan w chwazi renmen sa w genyen. #TBDA/#TTA 💡🧠 Malherbe Joseph (Relem Moun) 04/06/2023.