Kwen Powetik Kècho (06/06/2023).


 

Aprestans...


Deyò n parèt byen bèl

anndan n ap konsime

n ap abiye byen fre

pou n kontrekare poubèl


anba po n pa yon depo fatra

men rèv nou yo pil sou pil kaka

Ayiti boude tout efò nou yo

sa k ta dwe anba se yo k anwo


de grenn pèpè kouvri nidite n

epi yon salè mizè kòlte diyite n

yon plat aleken ak yon sachè dlo

lage moun konsekan nan tèt cho


n ap mache men nou malad

zo machwè n sou mòd pankad

men m yon vye pen ak marinad

al mawon nou tankou pentad


tout ayisyen poko fou

men tèt nou cho tankou fou

sèvo nou tout fout kòlòk kòlòk

n ap respire men avni nou lòk


Aparans/rezistans nou tout sou blòf

nou pa gen chwa n oblije kanpe tòf

diplòm tounen papye pou siye fant bounda

lekòl ak inivèsite kèk tan tounen depotwa


Drapo a vin sal pi mal pase koupyè sou moun fou

im nasyonal la tankou fo dan nan djòl ti sousou

leta se nou nou se leta pa gen bagay konsa ankò

politichyen ak bandi ap kale kò yo epi pèp la ap konte mò.


nou saj wi men mouche leta langyèt manman w

mouche bandi bwa kale nan twou koko manman w

lavoum pou entelektyèl santi k ap sipòte dechè

jou ale jou vini van an gen pou l vire yon lè.


Malherbe JOSEPH

(Relem Moun)

06/06/2023, 12è P.M.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...