Kwen Powetik Kècho...



Lè m pa jwenn pèsonn.


Lè m pa jwenn pèsonn pou m pale

san m pa deplase mwen evade

anndan lespri m m tonbe kalkile

pale pou kò m pou tèt mwen pa eklate


lè m pa jwenn pèsonn pou m pale

m antre nan nanm mwen epi m medite

m pran refleksyon m yo tou dezakòde

m f on melodi avèk mo m pa ka chante


lè m pa jwenn pèsonn pou m pale

m ale anfas yon miwa m kanpe

m gade tèt mwen k ap gaspiye

m f on gwo bri pou m santi m egziste


lè m pa jwenn pèsonn pou m pale

m ekri tout doulè m sou yon fèy papye

m fè yo vin zanmi ak dlo nan zye m

m aprann sou yo pou m ka transfòme m


lè m pa jwenn pèsonn pou m pale

m eple pale plizyè fwa pou m pa depale

m rale pèsonalite m pou m apiye

m desann sou jenou pou m pa pliye


lè m pa jwenn pèsonn pou m pale

m fè retrè nan enèji m te anmagazine

sa fè m pa plonje lè move tan yo rive

gen moman pèsonn p ap ka ede m vre.


Malherbe JOSEPH

(Relem Moun)

25/06/2023, 8è55 P.M.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...