Kwen Powetik Kècho (04/06/2023).



 Lapè a se...


Lè toutotou w gen lènmi

epi anndan w w ap souri


lè toutotou w y ap lage blam,

epi anndan w ou trè kalm


lè toutotou w bagay yo grav

epi anndan w ou rete brav


lè yo kwè tout efò w yo pral bout

epi siksè mete w sou tèt yo tout


lapè a se sa w pa oubyen poko genyen

pandan w chwazi renmen sa w genyen.


#TBDA/#TTA 💡🧠

Malherbe Joseph

(Relem Moun)

04/06/2023.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...