Kwen Powetik Kècho(15 Jiyè 2010)


 E wou menm ?

Pa di sa ! ki sa mesye ?
Avadra, voras, visye.
Ti dam sa ,aaaaaa koute!
anba tè l ap trete.

Ou pa wè jan l chèch,
lanp li pa gen mèch
sandal li san semèl
e l s on flannè femèl.

Ou wè misye, lè l fre, prete l prete
gade, gad jan devan soulye l pete
tèt li san penyen, figi l luile
epi l chita tankou s on byennere.

Mezanmi ooo ! apa m fou bon tèt.
Mesye sa, ti dam sa, kiyès ?
Anfas yon miwa m kanpe, nan yon pyès
m ap pale Malherbe mal, epi m tèt frèt.

Malherbe Joseph ( Relem Moun)
   15 Jiyè 2010.

Commentaires

  1. Bon bagay bro. La ou nan monn pa m ! 🙏🏾🙏🏾
    W ap ekri lontan wi.

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. M ap ekri byen avan sa men gen kèk tèks mwen poko wè kote yo ye. Mèsi anpil!

      Supprimer
  2. Sa se lè w landjèz wi, ou pale mal menm sou tèt òw san w pa menm rann ou kont 😆😂🤣. Gade koze mezanmi 😂.

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...