Kwen Powetik Kècho(15 Jiyè 2010)
E wou menm ?
Pa di sa ! ki sa mesye ?
Avadra, voras, visye.
Ti dam sa ,aaaaaa koute!
anba tè l ap trete.
Ou pa wè jan l chèch,
lanp li pa gen mèch
sandal li san semèl
e l s on flannè femèl.
Ou wè misye, lè l fre, prete l prete
gade, gad jan devan soulye l pete
tèt li san penyen, figi l luile
epi l chita tankou s on byennere.
Mezanmi ooo ! apa m fou bon tèt.
Mesye sa, ti dam sa, kiyès ?
Anfas yon miwa m kanpe, nan yon pyès
m ap pale Malherbe mal, epi m tèt frèt.
Malherbe Joseph ( Relem Moun)
15 Jiyè 2010.
Bon bagay bro. La ou nan monn pa m ! 🙏🏾🙏🏾
RépondreSupprimerW ap ekri lontan wi.
M ap ekri byen avan sa men gen kèk tèks mwen poko wè kote yo ye. Mèsi anpil!
SupprimerSa se lè w landjèz wi, ou pale mal menm sou tèt òw san w pa menm rann ou kont 😆😂🤣. Gade koze mezanmi 😂.
RépondreSupprimer