KÈCHO ribrik postim (21/04/2023).
KÈCHO ribrik ak KLE
👉💡🧠
N ap chèche konnen.
N ap aprann konnen.
N ap aprann ou konnen.
Nb : Yon edisyon espesyal (Ribrik postim)...
Youn nan manb ki konpoze estaf KÈCHO RIBRIK ak KLE e ki se kreyatè ribrik sa tou Relem Moun (Malherbe JOSEPH), chwazi ekri yon ribrik postim nan sousi pou l non sèlman onore memwa papa l, men, tou kontinye selebre lavi papa l atravè zèv li lè l te isi ba. Lucien JOSEPH te fèt 10 Desanm nan ane 1955 e li te mouri Lendi 5 Septanm 2022, 3è nan maten, Plèndinò kote l te fèt la, nan laj 66 an. Li te antere Plèndinò 10 Septanm 2022, selon dezi l pandan kèk jou avan lanmò li, apre fineray li ki te chante 2è nan apre midi. RIBRIK sa genyen 5 kesyon ladann, jis paske papa Malherbe te mouri yon 5 Septanm.
1) Nou konnen sa mande w anpil fòs ak kouraj, pou w pale sou papa w, sitou se avèk li sèlman ou grandi dayè manman w te mouri byen bonè, èske w ka f on ti pale nou sou papa w ? Di nou ki moun papa w te ye pou lòt moun ak pou pitit li ?
R : Bon, papa m se nèg Plèndinò, m se twazyèm pitit li. Selon sa m aprann, li te pran wòl granmoun pou l te responsab tèt li, depi lè l te gen 18 an konsa(1974), akoz papa l ki te konn fè l malonèt lè l mande l yon bagay tankou nenpòt timoun te ka mande paran yo, papa m te nève yon lè epi l pran libète l. Kèk tan apre li rantre Okap vin abite. Li vin jwenn yon moun ki bay li responsab yon teren, se sou teren sa mwen menm ak yon ti frè m grandi avan lòt frè n ak sè n te vin jwenn nou, paske papa m genyen plizyè pitit men pa gen youn nan nou ki menm manman, e se manman 2 nan nou sèlman ki vivan toujou. Papa m se te bòs mason, papa m te konn fè recho pou vann, papa m te konn kiltive latè, papa m te konn pran kanntè plizyè fwa, elatriye. Nan ane 1990 yo konsa si m pa twonpe m, papa m te vin jwenn yon travay nan #Douanes #Okap la kòm mesaje jis rive 2022, ane li mouri a, kèk ane apre pansyon li. Men l te oblije kontinye travay, paske tanperaman l te pèmèt yo pa t vle l kanpe travay deja, li te serye anpil, se sa k fè l pa t gentan grannèg tankou anpil lòt kòlèg li, fòk mwen pa pè di sa, konpòtman l te sisite anpil rayisman kont li, sitou bwat leta yo gen anpil zak koripsyon k ap fèt andedan yo chak jou epi tou li te rive fè yon dènye pitit gason avèk yon lòt dam e pitit sa te gen sèlman kèk mwa lè papa m mouri a, yon lòt rezon anplis pou l te kontinye travay paske papa m pa t janm renmen rete sou kont moun, jis li mouri.
Papa m se te yon nèg serye an menm tan ki te renmen ranse anpil, sa vle di li te renmen bay blag nan nenpòt okazyon. Li te renmen simaye lajwa nan kè moun, l ap difisil anpil pou papa m kanpe fè yon ti tan ap pale avèk yon moun pou l pa ba w yon vye blag kanmenm pou l fè griyen dan w jis bouch ou fè w mal. Se sa k fè te gen yon dam ki te boule Karenaj katye kote m grandi a, dam nan te boule soti nan tèt jis rive nan zong pye l, epi yon jou pandan n al wè dam sa lopital Jistiyen #Okap, m wè papa m bese nan zòrèy dam sa ki te gen tout kò l bande avèk twal gaz, li di dam nan yon koze epi m wè dam nan ap fòse pou l souri, lè sa m te nan twazyèm segondè, twazyèm Firmin nan "Collège pratique du Nord", kiryozite m pouse m mande papa m koze epi l reponn mwen konsa :"Mwen sot di l li pa bezwen dekouraje avèk lavi a, paske menm lè tout kò l boule, men, bouboun li rete entak", epi nou tonbe ri, se sèl nou twa a ki te konnen poukisa nou t ap ri konsa. Papa m se te yon melomán, papa m te renmen mizik anpil, Septan, Twopikana, Roger Colas, Coupe Cloué, Frère de Jean, Rodrigue Milien, Toto Nécessité. Papa m te renmen gade Jesifra ak koute Maurice Sixto. Malgre ba nivo etid li papa m te renmen koute ak li jounal, li te renmen koute chansonèt fransè tou, elatriye. Papa m te renmen liv anpil, se sa k pèmèt mwen jiskaprezan genyen yon kilti pran plezi nan fè Lèkti. Papa m se te yon nèg entelijan kwake l pa t gen chans fè gwo klas. Se yon moun ki make lavi m anpil, si m ka sa m ye jodi a, mwen menm ak frè m sè m yo, se pa paske papa m se yon nèg ki te kwè nan moso pen enstriksyon. Tout pitit li konn lave, pase, fè manje ak netwaye kay, paske lakay papa m pa t gen pansyonè, nou tout te la pou menm koz la.
2) Konbyen pitit papa w te genyen, èske yo tout la, èske papa w pa t gentan gran papa avan li ale ?
R : Papa m mouri li kite 8 pitit, pami yo gen 2 k ap viv aletranje, li kite 10 pitit pitit, sa vle di papa m te gentan fè 10 sou 10 nan gran papa e li te gentan rekonèt tout pitit pitit li, byenke l pa t twò abitye avèk tout. Nan 8 pitit papa m kite yo, gen 5 nan yo ki te gentan fè etid inivèsitè epi gen youn ki ta pral rantre nan Inivèsite menm ane papa m mouri a. Papa m fè edikasyon nou pou kont li, li te rive rasanble nou tout nan menm kay, se li k te konn lave, pase, fè manje. Montre nou leson tandiske l pa t fè pi gwo klas pase 2èm ane primè paske papa l pa t vle kontinye peye pou li. Se jis lè n vin granmoun nou vin konnen nan ki nivo l te rive, nou te sispèk li pa t fè gwo klas, men n pa t janm panse l te ba konsa. Papa m te toujou di nou, li p ap kite oken byen materyèl pou nou, se konesans nan tèt nou ki byen nou, e li te envesti anpil nan fòmasyon nou.
3) Ki sa lavi papa w aprann ou e ki sa w panse lavi papa w ka aprann lòt moun oubyen lòt papa ?
R : Lavi papa m aprann mwen, kote w soti a pa ka detèmine ki moun w ap ye demen si w pa travay pou w vin yon bagay demen. Lavi papa m aprann mwen, ou ka fè gwo klas ak gwo etid, ou ka soti nan yon gran fanmiy epi lavi w pase trè mal depi w pa saj. Lavi papa m ka aprann lòt moun oubyen lòt papa, menm si w pa t fè gwo klas oubyen gwo etid, sa pa ta dwe anpeche w envesti nan pitit ou oubyen nan nenpòt lòt moun depi w gen mwayen pou sa, pou yo fè gwo klas ak gwo etid. Lavi papa m aprann mwen ak lòt moun, onètete pa gen pri, moun ki onèt la pa gen pri, pito w pa rich men w ka gade tout moun nan zye san kè sote.
4) Kòm ou pa gen ni manman, ni papa, ki sa w ap konseye moun ki gen swa youn oubyen tou de nan menm tan ?
R : Jan pawòl la di a, se onore manman w ak papa w, rann yo ere si w ta renmen ni ou menm, ni pitit ou, ni pitit pitit ou viv anpil tan san madichon pa swiv nou. Onore yo pandan yo vivan, respèkte yo pandan yo vivan, paske lè yo mouri yo p ap konnen anyen.
5) Èske w genyen yon dènye mo ?
R : Toutotan m vivan toujou, m p ap janm rate yon okazyon pou m onore memwa papa m, pou m kontinye selebre lavi l. Erezman m te gentan kòmanse fè valè l depi lè l te la, li konnen fason m te konsidere l, byenke mwen avèk li te souvan nan gwo konba dyalektik, paske pami tout pitit li, m se premye moun ki te konn e ki te ka kanpe devan papa m san m pa manke l dega, pou m di l sa m panse sou kèlkeswa desizyon l pran, papa m pa t janm renmen moun kanpe kont desizyon l, men m te konn fè l sa, pa pou anmède l men pou m di papa m, nou pa timoun piti ankò, ou ka trete dosye nou yo yon lòt jan kounya. E li te konn rele m tout tan pou l pote m plent lòt timoun yo tou, si l gen rezon m ap bay li rezon, si l gen tò m ap di l sa tou, men m pa janm reprimande l devan moun, paske l granmoun li granmoun nèt avèk tout bon kote ak move kote l te genyen lakay li. M gen twòp bagay pou m ta di sou papa m, ribrik sa pa t ap janm fini, m eseye di lesansyèl yo. Mèsi anpil dèske nou te pèmèt mwen onore memwa papa m ak selebre lavi l nan yon ribrik espesyal, dayè travay ribrik sa se onore moun ki vivan men non moun ki deja mouri. Mèsi anpil.

tout felisitasyonm pou ou bro🙏🙏🙏
RépondreSupprimerMèsi anpil fanmiy 🙏🏿!
Supprimer