Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).
Manman m se t on nonm...
Manman m pa t feminen, paske l te g on nanm etewo, yon vanyan gason,
manman m te g on lanmou pou pantalèt, sa fè l te toujou mete bèl kanson,
manman m pa t pouse pitit, men pou kò l, li te elve 7 timoun,
manman m pa t gran fanm, men l te pòtre yon gran zouzoun.
Manman m pa t feminen, men l te gen plizyè kalite w plis jwenn lakay fanm,
manman m te konn lave, pase, fè mache, fè manje, netwaye kay, ranje kabann.
Manman m te aprann mwen fè tout bagay sa yo tou ak anpil lòt ankò,
se sa k fè kounya manman m travèse, m ka viv pou kò m, paske anndan m g on trezò.
Manman m pa t rive lwen lekòl, men l te chwazi fè restavèk pou m ka met kòl,
manman m te toujou renmen di m, pito m manje pen m sèch olye m bese zepòl.
Manman m te gen karaktè, li te sevè, li te plezan e l te sansib pou respè l,
devan respè l, WA pa t kouzen l PREZIDAN pa t bòpè l, li pa t ap pè fout ou yon pataswèl.
Manman m pa t yon feminen, men l te elve m pou m respèkte fanm,
manman m te damou fanm tou, li te di l pito razè men l toujou gen bann.
Manman m se t on nonm avèk de boul grenn, dayè m pa t gentan rekonèt bòbòt manman m,
si w wè m foure djòl an m nan fèt manman se papa m ki pèmèt sa, men se pa foli k pran m.
(Relem Moun)
14/05/2023, 3è 44 P.M.

Wow ! Tèks sa se yon gwo zèv ki vibre kè m lè m ap li l. Se yon souf vivan k ap pale de yon nanm vivan - Imòtèl. Mwen santi legzistans k ap respire anndan zèv Malherbe JOSEPH la. Bravo Powèt ! Plim ou gen lank pou plizyè syèk ekriti.
RépondreSupprimerMwen pa jwenn mo pou m remèsye ou, pou fason mwen santi w ranmase tèks sa, mwen te ekri depi nan mwa Me ane pase pou m te salye memwa ewoyik defen papa m. Kòmantè sa se youn pami pi gwo kado m te ka resevwa nan jou fèt papa yo. Mèsi anpil...
Supprimer