KÈCHO RIBRIK 3 Mars 2023.
🗣️"N ap chèche konnen,
pou n aprann ou konnen." 👀👇🤔
Estaf "#KÈCHO" ki se ribrik chèche konnen, pran plezi pou prezante w jodi a, premye ribrik li sou yon atis ki kòmanse briye deja nan sektè mizikal ayisyen an, ki gen ti non gate "#Enimò". Nou envite w kontinye lèkti a pou w ka konnen plis sou kèk bagay ou poko te konnen :
1) Bonswa atis Enimò, nou kontan resevwa w nan "KÈCHO", se ou menm ki premye envite nou, kòman w ye, kòman w santi w ?
R : Bonswa KÈCHO, bonswa tout fanatik Enimò, bonswa tout moun ki renmen KÈCHO. Pou m byen di nou, se yon onè pou mwen lè m aprann se mwen ki premye moun ki ta pral gen chans pase nan KÈCHO. Mwen santi m vrèman kontan.
2) Nou konnen Enimò se pa vrè non w, alò bay nou yon kout prezantasyon sou tèt ou, kòman w rele vrèman, moun ki kote w ye, ki kote w ap viv tanpri ?
R : Vrè non mwen se Stanley Sainté, mwen soti Tirivyè Latibonit, m ap viv Pòtoprens pou kounya.
3) Èske w ka di nou depi ki lè ou te chwazi rantre nan sektè mizikal ayisyen an, kote rèv sa te kache, oubyen sa k te pouse w fè yon chwa konsa ?
R: M ap tande mizik depi m te timoun, kidonk, vin yon atis se te rèv mwen depi m te timoun. Mwen vin rive reyalize l pandan m ap grandi, nan chèche melodi, fè sa m ekri aprann gouye sou paj kaye pandan m te lekòl preske chak jou. Jis mwen te rive anrejistre premye mizik mwen nan ane 2017, ki rele "M prale Latibonit"
4) Di nou ki kote non Enimò a soti, eske non sa pa genyen yon istwa kache dèyè l kote anpil moun poko konnen li, ou pa ta renmen l pataje avèk nou ?
R : Non Enimò a soti nan bouch yon medsen, se te premye jou nesans mwen ( selon sa manman m te eksplike m) :
"Yon malfektè te manyen vant li pandan peryòd gwosès la, sa te koz anpil enkyetid sou nesans mwen. Swa mwen te fèt avèk yon andikap fizik oubyen sansoryèl, oubyen mwen fèt tou mouri. Se sa k fè nan lopital la, lè manman m te fi n pouse m, pwiske m pa t kriye, manman m te oblije mande medsen an, èske l pèdi batay la ? Medsen an te reponn li : Madanm, Bebe a pa fèt avèk oken andikap e-ni-mò (E-ni-mò a ki te vle di : e li pa mouri tou)."
Se la Enimò a soti.
5) Apre fè mizik ki se pasyon w, èske w pa genyen yon lòt aktivite w ap antreprann oubyen w konte antreprann ?
R : Wi, apre fè mizik Enimò se yon etidyan, Enimò nan biznis. Enimò se yon moun ki toujou ap chèche kreye lòt bagay pou l fè lajan. Sa vle di Enimò se yon antreprenè k ap grandi tou.
6) Konbyen mizik ou pwodwi deja ? Selon ou menm se kiyès nan mizik sa yo ki satisfè atant ou plis ? Èske w pa genyen lòt mizik w ap travay sou li nan moman an ?
R : Li pi fasil pou m konte konbyen jou mwen deja viv sou tè a olye mwen konte konbyen mizik mwen pwodui deja.
Tout mizik mwen fè satisfè atant mwen, men gen kèk mizik ki gen yon enpòtans kapital pou mwen. Pami yo n ap jwenn: "M ap tann jou m nan" se yon mizik ki sanse retrase istwa lavi m, "Incroyable mais vrai" se yon mizik ki ta pral bay mwen yon vizibilite ki pa òdinè ditou nan depatman Latibonit, "M al chèche fòs nan bitasyon m" se yon mizik ki bay mwen vizibilite sou plan nasyonal.
Si m gen lòt mizik ki nan kwizin ? Se wi. Mwen gen plizyè ki nan estidyo, genyen ki deja pare. E nou gen kèk kolaborasyon entèresan k ap vini.
7) Ki enpresyon w genyen sou ribrik "KÈCHO" a, ki konsèy ou ka bay inisyatè yo ? Ki konsèy ka bay jenès ayisyen an tou, pou nou fini avèk ribrik nou pou semèn sa ?
R : Mwen panse KÈCHO se yon bèl inisyativ ki dwe kontinye jiskaske li tounen yon eritaj nasyonal. Konsèy mwen pou inisyatè yo se RETE KONSISTAN.
Konsèy mwen pou jenès la se pa janm sispann reve, pa janm sispann travay pou yo ka reyalize rèv yo.
Atis #Enimò, estaf KÈCHO ribrik ak KLE remèsye w pou pasyans ou, se te yon plezi pou n te genyen antretyen anrichisan sa avèk ou, nan sousi pou n te chèche konnen, pou n aprann moun k ap swiv nou yo konnen.
"N ap chèche komen,
pou nou aprann ou konnen".
Mwen te kontan pase nan bèl ribrik sa, e fyète a sèke mwen se te premye envite ribrik la. KÈCHO m aprann ribrik sa a kòmanse bay twòp KÈCHO. mwen voye yon gwo kout chapo ak tout ekip la.
RépondreSupprimer#JOUALA
Ou se premye moun ki kòmante,
Supprimermenm jan w se te premye envite. Mèsi anpil.
🔥🔥🔥🔥🔥🔥
RépondreSupprimer👉💡👂
SupprimerBel ribrik🙌💯🔥
RépondreSupprimerNou pran nòt ✅
SupprimerFelisitasyon baz
RépondreSupprimerN ap avanse epi kontinye ankouraje m. Envite zanmi nou vin li. Paske gen espwa!
SupprimerSe pa limyè ase w mete sou atis sa non, sa se pwojektè yo menm.
RépondreSupprimer