Kwen Powetik Kècho (Tèks ekri depi 11 Avril 2007)
Ou t ale .
Se jou mwen t ap konte
nan sa k te rete
avan w t ale
malgre m pa t vle.
Chak jou lè m leve
m panse m t ap reve
poutan se t on reyalite
m t oblije aksepte.
Lè m ap sonje ki jan n te ye
lè m ap panse ki jan n pral ye
franchman, m pa t ka sispann kriye
byenke m te toujou ap priye.
Yon jou kou jodi a, ou te pati
san konnen ki lè w ap vini
depi lè sa lavi m fini
ata fanmi m, zanmi m ap di m jan m piti.
Gras ak Dye lavi m reprann
avèk espwa nan kè m m ap tann
paske pou renmen w, m pa janm sispann
lwen zye m pi pre kè m, se sa m konprann.
Mwen santi w pre pou w retounen
vin marye avè m pou n ka byen mennen
nan janm ou se mwen k ap premye desann
kouto m nan men m, gato m devan m, m ap fann.
Otè : Malherbe JOSEPH (Relem Moun).
Mèkredi 11 Avril 2007
2è 30 apre midi.

Imòtèl
RépondreSupprimerDeja!
SupprimerM ap gen pou m ale men zèv mwen yo p ap fè yon pa...
Kite lank lan koule
RépondreSupprimerKite sèvo a pale
Kite kè w di sa k ap travèse l
Kite blòg mache, vole, ateri tout kote
Pa gen kanpe fanmiy 🙏🏿!
Supprimer