Kwen Powetik Kècho (3 Septanm 2007)


 Pawòl san mo.

Mwen pa ka touche w
poutan w pi pre mwen
anndan kè m mwen kache w
ni ou, ni mwen, byen lwen.

Lè zye m fèmen, kè mwen ouvè
ou toujou pale avè m alanvè
lè kè m fèmen nan fè nwè zye m klè
ou ekri anyen devan dèyè.

Pi lwen m, andedan kè m pi fon
avèg wè l, soudè tande l, bèbè pale l
pawol sa monte anba pou l desann anwo

Lanmou kenbe kolèt distans,li fese l
l antere l nan yon gran ti twou san fon
pou lwen zye pi pre kè, pawòl fyèl kou siwo.

Nou tout konprann, nou tout dakò sof mwen,
m p ap dekouraje m ap tann 30 Fevrye
m ap fèmen tèt, bese zye, prye tann Bondye
pou jou yo pa janm chanje, pou m ka wè demen.

Otè : Malherbe JOSEPH (Relem Moun)
            3 Septanm 2007

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...