Kwen Powetik Kècho (29/04/2023).
M ap viv...
... Menm si jodi a m ap viv lavi m pa t swete a,
menm si jodi a m oblije mache nan wout m pa t trase yo,
menm si siksè m se manje kasav sèch epi bwè dlo,
menm si lavi m santi bon tankou yon pil kaka.
... Menm si m poko wè Ayiti m ap reve a nan liv m ap li a,
menm si m ap mache chèche san m poko janm f on pa,
menm si m fin etidye yo mande m bounda pou CV,
menm si yo ban m travay pandan salè m andikape.
... Menm si m poko konn pou ki rezon m ap viv,
menm si pou bon zèv mwen yo pa gen achiv,
menm si lè m fè byen m plis rekòlte mal,
menm si malgre m soud chak jou m ap tande bri bal.
... Menm si m oblije souri nan mitan malè m,
menm si menm lè m kriye pèsonn pa konn doulè m,
menm si ayiti ki se manman m, nye m pwòp jou batè m
mwen. Menm si koripsyon ak lamizè ap grimase bonè m.
... M ap viv e m ap fout viv menm, paske m konn batay,
m pral taye pwoblèm pi mal pase twal, san m pa kite retay,
m pral f on vès avèk richès pou m kouvri nidite lamizè,
ou ka di m fou, ou ka ri m tou, men, gade pou w wè.
Malherbe JOSEPH (Relem Moun)
29/04/2022, 8è nan aswè.

𝐁𝐫𝐨 𝐩𝐚𝐦.𝐩𝐚𝐰𝐨𝐥 𝐨𝐮 𝐢𝐨 𝐯𝐨 𝐥'𝐨𝐫
RépondreSupprimerMèsi anpil fanmiy 🙏🏿!
SupprimerMw apèn sot li tèks lan, m pa janm pa twouve enspirasyon nan sa w toujou ekri yo.
RépondreSupprimerChak fwa m li w, m santi san w ap bouyi pou peyi nou sa K ap depafini piti piti.
Yonn nan rèv mw yo, se rive wè w otimondèzafè yon jou, psk peyi a bezwen moun tankou w yo.
Men, ki lè yon bon netwayaj a fèt nan peyi sa pou bay moun ki kapab, moun ki pa kite èskèlèt yo anndan plaka, pou vin pran rèsponablite yo.
Tiens bon, cher ami, rele m Moun!👍
Kòmantè sa 🤌🔥!
SupprimerMèsi anpil...