Kwen Powetik Kècho (1er Oktob 2007)


 M renmen fanm...


Mwen renmen bèl fanm,
ki gen tèt e ki djanm,
ki g anpil pwovizyon nan janm,
lè mwen wè yo m pèdi nanm.

Fanm ki g on bèl bounda ak on bèl fòm koka,
ki p ap pè ban m plezi, ki renmen met tanga,
ki renmen kalekò, bay karès pou wanga,
ki konn fè lobèy, fè tibèf, alò la! m nan ka.

Pou yon fanm konsa, m p ap pè depanse,
si w pa menm jan avè m pa vin ranse,
fanm sa yo pa tcheke avèk nèg kole pyese,
ki p ap viv pou lanmou, ki pa konn karese.

Fanm ki bay bon sèvis pou sèvis,
ki renmen K.O.K.E. e ki gen vis,
depi w s on fanm konsa,
Relem Moun ak ou deja marasa.

M renmen n, m vle n konn sa trè byen,
dayè n vire lòlòj kretyen tankou payen,
m ap priye Bondye pou m pa fou bon tèt,
paske lè n kwaze twòp lobèy ka fèt.

Malherbe JOSEPH (Relem Moun)
01/10/2017

Commentaires

  1. Oswald Durand resisite nan tèks sa wi 😂😆😂...

    RépondreSupprimer
  2. Depi w se gason w pa ka pa renmen fanm vre. Relem Moun ou kite vakabon kounya katèl 😆🤔?
    Domaj ou p ap konn ki moun sa, sinon w ta banm mo ki pa pwòp 😆😂.

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...