Kwen Powetik Kècho (17 Avril 2023).
Entwodiksyon (Malherbe JOSEPH).
Lè jou mache te konn rive...
Lontan nan peyi D Ayiti, prèske chak zòn te gen yon jou mache, kote anpil moun ki soti nan lòt zòn te konn debake vin achte, sa zòn kote yo soti a pa pwodui, men, lè sa te genyen pwodiksyon nasyonal tou, ayisyen pa t bezwen lonje bòl yo bay lòt peyi pou yo te jwenn lamanjay. Lè sa a, lè sa a, ayyy pitit mwen fout di w lè sa, antouka ! mande gran paran w yo.
Sa n wè k ap pase jodi a, franchman n pa gen bouch pou n pale, paske pa prèske gen jou mache ankò. Kounya se jou bouche ki genyen nan tout kwen nan peyi a, e se chyen avèk kochon ki tounen bouche, k ap manje vyann kadav moun nan tout lari.
Jamis Pierre Antoine ki gen ti non gate @Lajamis sou twitè, te fè yon kòmantè konsa anba yon videyo @mapoulibelibe sou Instagram kote l t ap pale sou jou mache, jou gason pa kanpe, jou fanm mete pantalèt yo sou tay yo. Jou w ka gade lajwa sou figi pwodui yo paske yo prale pandan lajan ap rantre. @Lajamis te pale konsa nan tèks ki vin apre a. (@relemmoun)
Lè jou mache rive...
Lè jou mache rive !
Jèn gason pa chita nan kay....
Tout peyizan motive pou ekspoze
lamanjay.
Bourik pa gen kote pou I pote chay ...
Lè jou mache rive !
Nan tout kwen se deblozay...
Pa gen chita gade tout moun sou
travay ...
Ann plante pou n chanje figi lakay.
Otè (Jamis Pierre Antoine).


N ap kontinye ekri jou k mayi mi
RépondreSupprimerJouk mayi mi 😂!
Supprimer