KÈCHO RIBRIK 7 AVRIL 2023.






N ap chèche konnen.

N ap aprann konnen.

N ap aprann ou konnen.👉💡🧠!


Jodi a estaf KÈCHO ribrik ak KLE pa chwazi prezante w yon moun sèlman, men li vin prezante w yon sijè sikolojik sou "Premye swen sikolojik ou premye swen mantal", yon òganizasyon ki rele #Geohazards entènasyonal ki gen nan tèt li nan Ayiti Mentor Garmalia #William, ki te òganize yon seyans nan dat 20-21 ak 25 Fevrye a, nan vil #Okap sou sijè sila, e se sikològ Guesly Michel ki te entèvenan. Pran ti chèz ou chita byen pou w ka fè lèkti sa san oken pèn


1) Byen avan nou rantre nan manman koze a, an n gade ansanm ki kalite Guesly Michel ye.

R: Guesly Michel etidye sikoloji pou nivo lisans, nan Inivèsite leta nan peyi D Ayiti. Nan ane 2010, li te kòmanse akonpanye moun ki te viktim dirèkman ou non nan tranblemanntè 12 Janvye a, li te fè sa Okap, Otwou, Fò Libète, Gran rivyè nan Nò ak nan plizyè kote nan Pòtoprens (kote yo te mete moun anba tant). Li te travay kòm sikològ klinisyen nan lopital Beladè pandan 14 mwa ak nan lopital Tomond pandan 13 mwa. Li fè yon espesyalizasyon nan sikoloji nan yon inèsite peyi Kiba "Universidad oriente" sou entèvansyon sikososyal pou devlopman moun. Apre sa li tounen nan peyi D Ayiti, kote l pase 15 mwa nan lopital Laskawobas. Guesly Michel se fondatè premye sant sante mantal nan peyi D Ayiti ki twouve li nan seksyon kominal Mòn Pele pou komin Katyemoren nan Nò peyi D Ayiti, elatriye.


2) Kounya se ki sa ki premye swen sikolojik la?

R : Premye swen sikolojik se tout premye jès, aksyon ak konpòtman ki nesesè pou soulaje soufrans moun ki sot sibi yon chòk. Premye swen sikolojik la se pou evite konplikasyon rive apre yon chòk.


3) Yon moun ki gen aptitid pou l bay premye swen sikolojik, se yon sekouris nan premye swen sikolojik oubyen premye swen mantal. Se ki sa yon sekouris sikolojik ye e ki kote eskpresyon sa soti tou?

R : Se yon ekspresyon nou kreye paske te toujou genyen mo sekouris la, ki vle di moun ki antrene ak fòme pou bay premye swen fizik oubyen medikal apre yon chòk fizik. Donk, pou n te make ak eksplike bon estrateji ak bon aksyon yon moun ka poze pou ede yon lòt moun suit yon chòk mantal, nou te kreye eskpresyon sa.


4) Ki lè yon moun bezwen premye swen sikolojik?

R : Tout moun bezwen premye swen sikolojik kèk minit apre chòk la. Li enpòtan pou n jere ijans ki pi brital yo avan. Plis ou kòmanse bay premye swen an pi bonè se plis w ap evite gwo deranjman mantal apre.


5) Kèk objèktif premye swen sikolojik.

-Pwoteje (moun ki sot sibi chòk la, pou l pa vin yon danje ni pou tèt li, ni pou antouraj li).

-Asire entegrite moun

-Fasilite estabilite emosyonèl moun

-Ede moun rete konekte avèk reyalite a 

-Mete moun ki choke a nan kontak avèk resous k ap ede l yo

-Pèmèt moun nan gen yon minimòm kapasite pou l afwonte sitiyasyon l ap viv la

-Kreye yon anviwonnman kote moun ka santi yo gen sipò


6) Kèk etap enpòtan nan premye swen sikolojik.

-Evalye kontèks chòk la : k ap ka pèmèt mezire gravite chòk la, pou w rive fè yon ide sou nivo li afekte moun nan

-Etabli kontak sikolojik nan respè : rive asire moun sa ou la pou li, pou w konprann li, pou w sipòte l nan fason moun k ap fè l kado materyèl p ap fè l

-Koute byen, tande byen : montre moun nan w ap koute l avèk atansyon san w pa fòse l pale. Gen jès ou fè avèk tèt ou, kò w, men w, pozisyon w mete w k ap fè moun nan santi w ap koute l ak tande l tout bon.

-Evalye chòk la : tande moun nan, konprann sa k pase a, bay li eksplikasyon ki senp ak kout. Bay li enfòmasyon ki verifyab. Si w pa konn yon bagay, di l w ap chèche oubyen w ap mande èd pou li.

-Evalye sikonstans lavi

-Detèmine aksyon epi favorize konpòtman ki adapte : konseye l pou l evite ni bwè gwòg, ni fimen, evite dòmi tout jounen, evite travay tout yon jounen san poz, evite izole tèt li, pa neglije ijyèn pèsonèl ak entim yo.

Nb : Toujou bat pou konvèsasyon an fini avèk anpil pozitivite, paske li p ap koute pèsonn anyen si l chwazi panse nan fason ki pozitif. "Se pa paske w poko konprann li ki fè l pa bon."


7) Mete atè, se ki sa de mo sa yo eksplike nan premye swen sikolojik ?

Moun k ap bay premye swen sikolojik la bezwen pran tan pou l repoze apre l fin pote èd la. Paske sa ka rive yon sekouris sikolojik vin devlope yon seri difikilte apre li fin rankontre yon moun ki te sibi yon gwo chòk : tankou l ka gen difikilte pou l dòmi, li ka dòmi twòp, pa manje, manje twòp, fache fasil, tris anpil nan yon nivo li pa ka kontwole, kriye san rezon, elatriye. Lè konsa sekouris sikolojik la dwe mande èd pou tèt li, pou l pa tonbe nan yon eta ki pi grav. Epi sonje sa, yon sekouris sikolojik la pou ede, pou oryante moun ki sibi gwo chòk jwenn pi bon chemen pou l reyòganize vi l yon lòt pi bon fason.

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...