KÈCHO RIBRIK (28/04/2023).



N ap chèche konnen,
N ap aprann konnen,
N ap aprann ou konnen. 👉💡🧠


Pou jodi Vandredi 28 Avril la, estaf KÈCHO ribrik ak KLE ap prezante w yon jèn gason k ap viv nan dyaspora a, nan peyi Brezil. Nou te gen chans pale avèk li, sou plizyè bagay paske n konnen viv lwen peyi w san w poko konnen, ki lè w ap gen chans pou w ta retounen lakay ou, pou w vin wè fanmiy ou, boubout ou si l ap viv nan peyi D Ayiti, zanmi w, elt. Se pa yon bagay ki fasil ditou. An n gade ansanm ki moun moun sa ye ak kòman l te reponn kèk kesyon nou te jwenn chans poze l.


1) Bonjou/bonswa. N espere w anfòm. Ou se premye moun nan dyaspora a ki pral gen chans pase nan ribrik sa. Kòman w ye ? Kòman w santi w lè w ap suiv sa k ap pase nan peyi w ? Di nou kiyès moun ou ye tanpri.


R : Mwen salye tout moun!


KÈCHO Ribrik,mèsi anpil pou opòtinite sa kote nou fè m onè kòm premye moun nan dyaspora Ayisyen an pou m pale sou mwen avèk piblik la pou yo ka aprann konnen m, puiske se objèktif ribrik sa menm.


• Kiyès mwen ye?


Mwen se Géraldo VOLCY.


Mwen se yon Ayisyen ki soti Kwadèboukè nan Pòtoprens, se la mwen fèt ak grandi pandan tout anfans ak adolesans mwen, aktyèlman m ap viv nan zòn Nò Rio de Janeiro kote mwen gen rezidans pèmanan mwen.


• Kòman m santi m lè mwen wè sa k ap pase nan Peyi Dayiti kòm Ayisyen ?


Fòk mwen di nou, se avèk yon santiman konstènasyon mwen toujou ap gade ak tande sa k ap pase nan peyi m e nou konnen sa p ap janm fè mwen byen.


Lè m ap gade nan nivo peyi a rive la, mwen konprann kriz nou ladan l lan depase yon fenomèn sosyopolitik e mwen ka di tou se yon kriz pliridimansyonèl si n ap gade sou plizyè lòt aspè.


Antouka, mwen toujou priye Bondye ak espere bagay yo chanje nan peyi m e pou tout pitit tè sa kapab viv byen nan peyi yo,pandan m ap espere yon jou tou pou mwen vin nan peyi m san kè sote.


2) Ki rezon k te pouse w kite peyi a, èske se ou menm ki te fè chwa sa oubyen fanmiy ou e se konbyen tan sa genyen depi w kite peyi a, san w poko janm retounen ?


R : M ap reponn 2yèm pati kesyon an avan.


Mwen te kite Ayiti nan mwa Avril 2016.


Mwen gen 7 lane depi m ap viv deyò peyi a, mwen aprann anpil e mwen ka di viv aletranje fè m konprann ak wè bagay yo yon lòt jan kote mounite, kominote a ak sèvis yo dwe priyorize sou tout bagay.


Pou 1ye pati kesyon an,mwen ka di rezon an pa t pèsonèl men se yon desizyon familyal malgre anpil retisans paske mwen pa t vle kite Ayiti pou m vin Brezil, men, sa pa t anpeche vwayaj la reyalize.


San m pa bliye, nan menm epòk sa, mwen t ap fini avèk 1ye ane m nan FDS/UEH la.(Fakilte Syans/UEH ), donk, sa se te youn nan gwo motivasyon m yo ki fè m pa t anvi kite peyi a.


Kite Ayiti al viv nan peyi etranje pa t yon desizyon fasil men m te rive fè l kanmenm.


3) Lè w t ap deplase kite peyi a, menm lè se pa t sou desizyon pèsonèl ou, men nou panse w te genyen objèktif klè nan tèt ou, pou lè w rive lòt bò a. Kòman relasyon w ye jodi a avèk fanmiy pwòch ou k ap viv toujou nan peyi D Ayiti ? Kòman sa te ye pou ou lè w te fenk rive lòt bò a, jis ou rive adapte w jodi a ? An n pale Géraldo.


R : Kite peyi w kote w te resevwa tout edikasyon w e te gen lòt pwojè kòm jèn nan yon peryòd ki long pou avni w pa t ap ka janm yon bagay fasil.


M ap di sa ankò deplasman m se yon te yon desizyon familyal akòz mwen te 1ye pitit fanmiy lan. Mwen pa t gen okenn motivasyon pèsonèl vrèman.


Men, lè m te wè m devan evidans lan, li parèt klè devan m, mwen te oblije fikse kèk objektif ak konprann Ayiti pa peyi pou m rete viv ladann e sa te pèmèt mwen fè yon evalyasyon trè pwofon pou m te kapab atenn objektif sa yo.


Kòm, nou konnen kòman peyi D Ayiti ye ekonomikman, mwen te priyorize EDE paran m yo finansyèman, yon fason pou m ankouraje yo e fè yo konprann, mwen yo te travay yè pou li a, nan traka pou yo te mete m kote m ye jodi a, fòk mwen ka soutni yo. Donk, sa y ap viv jodi a se rezilta kouraj yo nan mwen kòm pitit yo e m te toujou vle bay yo sa kòm retribisyon tou pou yo rale yon souf.


Donk, nan sans sa, mwen te kwè depi m rive isi a, Brezil, 1ye estabilite m ap bezwen se estabilite finansye a e sa pa t pran 6 mwa pou m te gentan ap travay.


Mwen kòmanse travay nan Rio sou 3 mwa.


Lòt priyorite, mwen te genyen se te kontinye avèk etid mwen.


Mwen pa t rive fè sa pou 2 rezon :


1° rezon an : Mwen pa t ka konbine travay avèk Etid mwen akoz mwen pa t gen ase sipò familyal nan peryòd mwen te vle l la e sitou jan travay yo ye bò isi a pa t pèmèt mwen jwenn ekilib sa.


2° rezon : Mwen te vin konprann yon zouti tèknik nan peryòd mwen t ap viv la t ap pi bon pou mwen e sa te fè m aprann yon bann metye tèknik.


Kòman m ap viv ak kijan mwen rive adapte m?


Pou koze adaptasyon an, mwen panse m te gen yon privilèj pa viv nan yon zòn kote ki te gen Ayisyen.


Sa vin pèmèt mwen plonje m nan pwosesis sosyalizasyon mwen an trè rapid.


Mwen pale pòtigè byen rapid e m ka di nou sou 3 mwa, mwen te ka fè tout konvèsasyon bazik nou konnen ki genyen san èd pèsonn .


Mwen panse pale yon lang etranje w pa t gen oken ide sou li te baryè a, puiske mwen kraze baryè sa, sa pèmèt mwen entegre m nòmalman nan sosyete a e kontribye apati travay nan konstriksyon yon sosyete ki itil e sa te vin fè m santi m itil tou.


Mwen ka di jodi a, m ap viv kòm yon rezidan ki gen yon vi estab nan tout sans, mwen konprann mwen pa nan Ayiti, donk, mwen limite nan kèk bagay san m pa bliye limitasyon sa se mwen ki bay tèt mwen li, m ka fè sa mwen vle ak atenn objektif mwen vle nan Brezil.


Donk, mwen se obstak tèt mwen paske opòtinite yo la e mwen toujou transfòme tout sa ki vini sou wout mwen, nan avantaj mwen.


4) Èske l posib pou n ta konnen kèk konpetans entelektyèl oubyen teknik ou genyen lakay ou ? Ki tip travay w ap fè nan peyi Brezil ? Kòman relasyon moun avèk moun ou ye nan peyi sa ?


R : Mwen se yon Pwogramè, Designer Grafik, Teknisyen nan Lojistik ,Teknisyen nan Enfòmatik...


Kounye a, ban m reponn aktivite ak relasyon m ak fanmiy ak zanmi oubyen moun avèk moun, jan nou rele l la.


Aktivite mwen fè pou m viv nan Rio de Janeiro, Brezil se yon bagay ki trè komen isit.


M ap travay nan yon rezo Sipèmache ki an ekspansyon kote mwen se youn nan responsab lojistik nan antrepo rezo Sipèmache sa.


Mwen gen plis pase yon ane depi m ap travay nan rezo sa e m pa kwè m ap kite yo deja paske yo valorize konpetans mwen anpil e mwen kapab di travay sa se youn nan sous estabilite m isit.


Mwen gen relasyon sèlman avèk fanmi m an Ayiti, mwen pa gen fanmi pwòch paske kote m rete a, se mwen sèl kòm Ayisyen ki rete nan vil la e pa gen moun ki konnen m se Ayisyen paske mwen fonn nan mitan karyoka yo.


Men malgre m sèl, sa pa anpeche m toujou pale avèk paran n yo ansanm ak zanmi m ki pwòch ak chè pou mwen malgre se pa tout souvan mwen fè sa avèk zanmi m yo paske mwen gen anpil nan yo, mwen pa wè lontan epi akoz tan an, nou vin pèdi anpil abitid e prèske tout zanmi m sa yo jounen jodi a okipe.


Donk, mwen gen yon relasyon ki plis sere ak fanmi m yo Ayiti pase zanmi m yo.


5) Lè w pa nan travay ou, lè w gen konje epi w lakay ou se kisa w plis renmen fè, kisa k pastan w kòm divètisman Géraldo ?


R : Pastan m se li atik jounalistik, sitou sa ki gen rapò avèk jewopolitik, konesans jeneral.


Lòt pastan m genyen, se chita devan ekran TV epi gade Léo Messi k ap jwe oubyen monte sou YouTube nan TV lakay epi al gade kèk videyo espetakilè sou Messi soti nan drib, pas ak fè gòl.


Mwen se yon pasyone mizik Afro, mwen gen plis pase 5 lane depi se mizik sa ki fè pleylis mwen sou Sportif, Soundcloud... e tande anpil mizik se youn nan pastan m tou sitou, lè m nan bis ap vwayaje.


Mwen renmen itilize rezo sosyal yo anpil e sa pèmèt mwen dèfwa retire anpil estrès lakay mwen sitou sou Twitter.


6) Géraldo, nan 10 ane ankò se ki jan w wè tèt ou, kisa w ta renmen vin ye demen maten, èske w pa gen yon gran pwojè w ta renmen reyalize oubyen w deja mete kanpe ? An n pale...


R : Mond lan ap evolye e nan sans sa, li vini avèk anpil opòtinite e se opòtinite sa yo k ap defini kisa lavi m ap ye nan 10 pwochen ane yo.


Malerezman, mwen p ap antre nan twòp detay nan sans sa, men sèl sa m ka di nou, m p ap nan menm nivo mwen ye pou kounye a paske m santi pwosesis evolisyon an tou.


Sèlman, sa k ka di n an rezime, nan 10 ane.


Mwen wè tèt mwen tankou yon papa responsab nan yon fanmi ki estab finansyèman e ki kontinye ap evolye ekonomik nan tout sans kote madanm mwen ak pitit mwen ap jwi tout opòtinite ak privilèj lavi a bay mwen kòm rekonpans.


Pou pwojè m, pa twò lontan m ta renmen wè ki reyalize se gen yon pwopriyete prive nan peyi Brezil.


Se konsa m wè m #Kècho 😂!


7) Yon ti konsèy pou jèn gason ak fanm ki deja kite peyi, pou sa k poko kite l yo men ki espere kite l si anyen pa janm chanje nan peyi a, pou estaf KÈCHO RIBRIK AK KLE, se kisa l t ap ye Géraldo ?


R : Pou jèn Ayisyen ki gentan kite peyi a konsèy mwen pou nou :


Konnen nou pa Ayiti donk :


Toujou onèt avèk tèt nou ak tout moun.

Toujou pran swen tèt nou epi renmen tèt nou.

Toujou pratike jantiyès.

Toujou ede moun ki bezwen èd depi n kapab.

Toujou konsantre n sou travay nou.

Toujou respèkte tout moun epi respèkte chwa lòt yo.

Kwè nan tèt nou.

Chèche fè lajan.


Pou sa ki Ayiti yo, sa mwen ka di yo :


Kiltive imilite.

Envesti nan tèt nou.

Respèkte moun.

Tande lòt moun, pran sa k bon nan yo.

Aprann sou lòt moun .

Kwè nan tèt nou ak nan kapasite n.

Pa janm egri sou pèsonn.

Rejui nan siksè lòt moun.

Epi tann jou w la. Paske jou a la ( Enimò Haïti )!


Mwen swete pou estaf KÈCHO RIBRIK kontinye avèk travay sa li kòmanse a epi kontinye bay opòtinite pou piblik li a kontinye dekouvri anpil lòt moun ankò. Se te yon plezi pou mwen, pou m te fè ti kozri sa avèk nou.


Mèsi.



Commentaires

  1. Se Géraldo sa Malherbe konn ap pale m sou li a kanmenm. Youn nan manb TBDA. Bravo !

    RépondreSupprimer
  2. Ribrik serye a se Kècho 🔥🔥🔥!

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...