KÈCHO RIBRIK 17 Mas 2023.
![]() |
| Leevens Vilmé... |
N ap chèche konnen.
N ap aprann konnen.
N ap aprann ou konnen.
Jodi Vandredi 17 Mas la KÈCHO ribrik ak KLE 💡🧠🇭🇹, ap prezante w yon jèn gason ayisyen k ap viv nan kapital peyi a, ki se Pòtoprens pou moun ki pa t konnen. Jèn gason sa rele Leevens Vilme , an n gade kòman l te reponn kèk kesyon nou te jwenn chans poze li, men pou sa fòk ou kontinye lèkti a. 👀👇🙏🏿!
1) Avan nou rive pi lwen, nou ta renmen konnen kòman w santi w, kòman w ye ?
Rep- Mwen anfòm fizikman. Men, kòm ayisyen, sitiyasyon peyi a afekte m anpil. Se sa ki fè mwen pa ka di mwen anfòm konplètman. Jan ayisyen renmen di a, n ap kenbe ! N ap boule !
2) Pou nou asire chak moun ki pral jwenn chans li ribrik sa, èske w ka pale nou sou ou, se ki moun Leevens ye, kote l fèt, kote l grandi, etid li ak ki kote l ap viv aktyèlman ?
Rep- Non konplè mwen se Leevens Vilmé. Mwen soti nan komin Tirivyè ki sitiye nan depatman Latibonit. Se nan komin sa a mwen pase yon bon pati nan adolesans mwen. Aprè mwen te fin pase nan egzamen ofisyèl 9èm ane fondamantal, paran m te deside voye m vin kontinye etid mwen Pòtoprens. Depi lè sa a, se la m ap viv.
Mwen boukle sik etid inivèsitè mwen nan Fakilte Lengwistik Aplike, ki se yon antite nan Inivèsite Leta d Ayiti a. Mwen etidye kominikasyon, prezantasyon radyo-televizyon, maketing dijital, mwen fè yon ti tan tou ap aprann antreprenarya.
Mwen redije atik pou plizyè medya anliy, mwen ede nan koreksyon plizyè liv, mwen se yon moun ki ap lite pou yon pi bon Ayiti. Se sa ki fè mwen travay avèk divès òganizasyon tankou sa k ap defann dwa fanm ak tifi epi sa k ap goumen pou devlopman dirab nan peyi a.
Mwen te fè yon ti pasaj tou kout nan radyo kòm prezantè bilten espòtif. Mwen pran abitid anime kèk emisyon ki fèt sou rezo sosyal yo. Mwen se egalman inisyatè nan divès mouvman ki ap valorize lang ak kilti kreyòl.
Mwen te ka di plis toujou, men mwen panse globalman, Leevens se sa.
3) Se ki tip aktivite w antreprann oubyen ki tip aktivite ou plis renmen fè e poukisa tou Leevens ?
Rep- Nòmalman mwen nan domèn lèt ak nan domèn medya. Mwen ekri atik regilyèman pou plizyè medya anliy. Mwen ap ede kèk jèn atis nan HMI la jere imaj yo. Mwen bay sipò nan koreksyon plizyè liv ki pibliye nan peyi d Ayiti. Aktyèlman Mwen ap fè estaj kòm pwofesè.
Mwen chwazi domèn sa yo se paske yo gen lyen avèk fòmasyon mwen te resevwa.
4) Ki pi gran rèv ou genyen e ki moun ou ta renmen vin devni nan sosyete a, pou m pa di pou mond la ?
Rep- Youn nan pi gran rèv mwen se kontribye nan pèmèt mond lan dekouvri ak/oubyen apresye kèk pami sa nou genyen kòm eritaj yo. Li kapab eritaj kiltirèl, istorik, lengwistik oubyen nenpòt ki lòt. Pou nou rive fè sa, n ap bezwen yon kanal. E nou deja kòmanse travay pou kreye kanal sa a.
Kanta moun mwen ta renmen vin ye a, mwen panse youn nan pi gwo satisfaksyon mwen ap genyen se wè mwen devni yon moun ki enspire pwochèn jenerasyon an pozitivman
5) Nou toujou renmen mande envite yo pou bay jenès ayisyen an yon konsèy, konsèy ou a se ki sa l ye ?
Rep- Konsèy mwen ka bay jèn yo se: "Pa kite orijin ou kondane w; Kit ou fèt nan fanmi rich, kit ou fèt nan fanmi pòv, Kit ou fèt anwo, Kit ou fèt anba, kit ou fèt lavil, kit ou fèt andeyò. Pa kite anyen ou fèt avèk li natirèlman defini kiyès ou ye; Kit ou wo, ki ou kout, Kit ou blan, Kit ou nwa, Kit ou gwo, ki ou mèg. SA KI DWE DEFINI W SE AKSYON OU POZE KÒM MOUN NAN SOSYETE A."
6) Kesyon sa ka parèt yon jan difisil, men n ap poze w li kanmenm. Poze tèt ou yon kesyon ou t ap renmen nou poze w nan ribrik sa epi reponn li pou nou tanpri ?
Rep: An reyalite mwen ta ka poze tèt mwen anpil kesyon. Men youn nan Kesyon mwen estime ki ka fè sans anpil se : kòman mwen ta swete wè peyi m nan pwochen deseni yo?
Kòm jèn ayisyen, pi gwo bagay mwen ta swete se: wè jèn pwofesyonèl ayisyen yo ki ap egzèse metye yo nan peyi a, san kè sote, libelibè. Kote tout moun kapab sikile a nenpòt lè, kote tout moun kapab dòmi ak pòt kay yo louvri byen gran.
Gen moun ki ka estime mwen ap reve, men m panse pa gen rèv ki twò gran. E si nou pran konsyans epi nou manifeste yon ti kras volonte, nou ap kapab rive nan faz sa a.
7) Sa w swete pou estaf KÈCHO ribrik la, ki konsèy oubyen rekòmandasyon ou ta renmen fè yo ?
Rep- Mwen ta swete nou kontinye avèk ribrik la. Epi si gen yon bagay mwen ta ka sijere nou se mete ribrik la sou fòma odyovizyèl pou nou kapab pataje li sou plis lòt platfòm, sa ki ap pèmèt nou elaji odyans nou.
*NB* : Mèsi paske w te pran yon ti tan pou w te li ribrik sa, pwochen ribrik la se pou lòt Vandredi Dye voulan. Pa bliye abone, like paj la epi kite enpresyon w pou nou nan yon kòmantè.

🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥
RépondreSupprimer