Kècho ribrik (14 Avril 2023).
N ap chèche konnen.
N ap aprann konnen.
N ap aprann ou konnen. 👉💡🧠!
Se toujou yon plezi pou estaf KÈCHO ribrik ak KLE chak fwa l jwenn chans, mete plis limyè sou yon moun k ap fè yon travay onèt, yon moun ki soti lwen, yon moun ki gran rèv malgre move sitiyasyon peyi a, ki pa janm dekouraje. Yon moun ki fèt nan peyi D Ayiti #Okap e ki jiskaprezan k ap viv la. Tout ribrik yo toujou motivan. Nou envite w fè lèkti ribrik sa pou w wè sou ki moun li pale ak ki sa moun sa reprezante tou kòm kapital mounite. Bon lèkti 🙏🏿.
1) Bonjou/bonswa mannmwazèl oubyen madam, kòman w ye ? Èske w ka f on ti pale nou sou ou ?
R : Bon, se madam, se pa mannmwazèl (griyen dan), m santi m anfòm men, m yon ti jan panike paske m pa renmen pale sou lavi m avèk moun fasil, kit se vi entim oubyen pwofesyonèl mwen, m pa renmen pale devan moun tou, pou m pa di nan piblik, men m anfòm gras Bondye e mwen salye nou ak tout moun ki pral gen chans li ribrik sa. Non mwen se Kethichat Ménard JOSEPH, mwen fèt Okap nan ane 1990 e mwen grandi Okap (#Lorye ri 14-15 Ti Ginen), mwen se premye pitit manman m, mwen te aprann kouti pandan m lekòl, mwen gen konesans nan enfòmatik e mwen frèchman diplome nan Masoterapi, erezman se mwen ki te soti Loreya pou pwomosyon an. Epi m tou pwofite kontinye etidye, kounya m ap aprann Fizyoterapi nan menm Inivèsite a.
2) Kòm ou pa renmen pale sou lavi w fasil avèk pèsonn epi w pa renmen pale nan piblik tou, èske w pa gen yon moun ki rive mete w nan anbyans pou w pale avèk li san pwoblèm ?
R : Wi, se yon sèl moun mwen santi m alèz pou m pale nenpòt bagay avèk li, se mari mwen, men, malgre sa dèfwa m konn ap ezite kanmenm jis paske m respèkte l, li konn menm kouri dèyè m lè l santi sa, men l se sèl moun mwen ka di ki mete m nan konfyans pou m abòde nenpòt sijè janm vle avèk li.
3) Kòm ou se premye pitit manman w, èske w sa posib pou w ta f on ti pale avèk nou sou anfans ou ak manman w ?
R : Bon, m panse m pa t genyen yon anfans ki te difisil pase sa parapò avèk sa m te vin aprann pandan m ap grandi sou anfans manman m, ki te rive yon lè l te oblije ap mache pye atè paske l pa t gen sandal, alòske gran papa m te la, li t ap depanse lajan l nan lòt fanm, se sa k te lakoz manman l te rive gen relasyon avèk papa m byen bonè paske l te nan bezwen. Apre lanmò papa m e menm avan sa, manman m pa t pè fè nenpòt travay onèt pou l te pran swen m avèk ti frè m nan, jis mwen rive marye epi m vin pa sou kont li ankò, men, malgre sa manman m toujou pran swen m tankou m te toujou lakay li.
4) Ou frèchman loreya nan Masoterapi, ou marye, ou kontinye ap etidye, ki pa yon bagay ki fasil ditou pou yon fanm ki gen responsabilte sitou n konnen nan Ayiti, kòman anpil gason konsevwa fanm, kòman w fè jere tout bagay sa yo byen epi nan menm tan ?
R : Fòk mwen sensè avèk nou, pou m di nou mwen marye depi lè m te sou ban lekòl klasik, men mari m te di fòk mwen tèmine, pou m al nan Inivèsite tankou li e li te kanpe djanm dèyè pawòl sa. Mari m se nèg ki ògeye anpil, li kite m ale lekòl san pwoblèm, li jere kèk bagay nan plas mwen lè m pa la, li voye zye l tou sou chak etid m ap fè e li trè serye avèk mwen nan sans sa. Nan yon sans m ka di mari m se boustè m oubyen bwa dèyè bannann mwen, dayè se li menm ki peye etid mwen, "si papanm peye lekòl anm fòk mwen fè bèl mwayèn, pou kèra papanm ka kontan mezanmi 😂."
5) Antanke Masoterapet ak fiti Fizyoterapet, se ki pi gwo rèv ou nan domèn sa yo ?
R : Kòm mwen wè nou pa preske pale sou kouti m te etidye a tou, m ap reponn nou konsa. Rèv mwen, se rive fè yon jou tout rad m ap mete sou mwen yo, pou m pa achte anyen nan pèpè ankò, rèv mwen se abiye mari m ak pitit mwen yo avèk rad modèl rad mwen fè. Pou Maso ak fizyo a, rèv mwen se genyen yon gran espas ki byen prepare, ki reponn sou estanda entènasyonal yo, non sèlman pou m pratike pwofesyon sa yo, men, tou aprann lòt moun. Kòm mwen se kretyen, rèv mwen se wè plis ayisyen pou m pa di plis moun gras ak mwen rive fè lapè avèk Kris pou sove nanm yo ki imòtèl.
6) Se ki konsèy ou ta renmen pataje sitou avèk jèn fiy ki fè pitit deja, men, ki dekouraje avèk lavi ? pandan n ap pwofite remèsye w dèske w te mete w disponib pou w te rann ribrik sa posib semèn sa.
R : Konsèy mwen ap adrese premyeman avèk paran yo, sitou papa yo, pa mete pitit fiy ou deyò lakay ou paske l tonbe ansent pandan l lekòl, sa pa yon bon metòd ditou, li boule anpil se vre men tout bagay pa fini vre, si manman m te mete m deyò lakay li, jodi a m pa konn ki kote m te ka ye, si m pa t gen yon mari ki te konprann mwen tou, malgre laj li, m t ap nan kouri. Reyoryante pitit nou, refè edikasyon pitit nou pandan n ap blame l men pa mete l deyò. Epi jèn fiy yo, fòk nou aprann gen wont tou, fòk nou aprann sou erè nou pou n pa aprann yon sèl leson plizyè fwa. Epi m ap swete estaf ribrik sa bon kouraj paske bon bagay mal pou boujonnen ak pote fwi nan peyi D Ayiti, men pa lage ribrik sa, paske m kwè yon jou plis moun ap rive reyalize enpòtans li. Mèsi anpil, bon kouraj.
Si w bezwen sèvis Masoterapet sa, ou ka kontakte li sou youn nan nimewo sa yo : (+509) 3132-1596 dijisèl oubyen 3209-3817 ki se natkòm, pou rezèvasyon ak planifikasyon.



Mèsi anpil pou opòtinite sa estaf ribrik sa pèmèt mwen benefisye.
RépondreSupprimerSe te yon plezi pou nou pou n te genyen w pami envite nou yo, se nou menm ki ta dwe remèsye w.
SupprimerMèsi ankò.
RépondreSupprimerOu menm tou...
SupprimerWaaaw. Bravo.
RépondreSupprimerMèsi anpil atis la, pou sipò w, ou p ap pèdi sa tande fanmiy 🙏🏿.
SupprimerMèsi anpil atis pou sipò w.
SupprimerMil mèsi a staf kècho a
RépondreSupprimerSa fè nou plezi anpil.
SupprimerMen, sa Frédeline 🤔, pitit Marjorie a, moun Lorye nan vil Okap. Li fè anpil pwogrè wi pou ti tan m fè san m pa gen nouvèl li. Felisitasyon Frefre...
RépondreSupprimerMwen pa gen mo pou Ribrik sila,pou premye fwa mwen monte sou paj sa,epi mwen jwenn yon mesaj rekonfòtan. Mèsi pou inisyatif sila.
RépondreSupprimer