KÈCHO RIBRIK 10 MAS 2023.




N ap chèche konnen.

N ap chèche konprann.

N ap aprann ou konnen.

Se travay #KÈCHO #RIBRIK.


Jodi Vandredi 10 Mas la, estaf KÈCHO ribrik ak KLE kontan pou l prezante w yon jèn gason ki fèt Okap, ki etidye Okap e k ap viv Okap. Nou envite w kontinye lèkti a pou w aprann konnen sou ki moun an reyalite ribrik la chita jodi a. An n ale ansanm.


1) Pierre Piterson bonjou, kòman w ye, kòman w santi w, an n mete lèktè yo an konfyans, di nou ki moun ou ye tanpri ?


R: Mwen salye estaf la, se yon plezi pou m pase nan Ribrik sa, mwen anfòm e mwen panse nou pral pase yon ti tan anrichisan ansanm.

Non mwen se Pierre Piterson alyas Zoe Lima Tou Hit , mwen fèt Okap e se la m grandi tou, m ap travay nan (La sélecte photographie), ki sitiye nan ri 21 L&M Okap. M fè rap, eslamè, web maketin, grafik dizaynè, editè foto, m pase nan lekòl penti tou.


2) Sa gen konbyen tan konsa depi w ap fè jan aktivite sa yo Piterson ?


R: M ap fè rap depi lè m te lekòl, ni eslamè a tou, paske m te konn ap ekri eslam pou m prezante, epi tou m konn fè tape yo pou m vann nan kèk lekòl. Men pou domèn fotografi a, web maketin, grafik dizaynè ak editè foto, sa genyen 5 ane depi m ap fè yo.


3) Tout sa w ap fè yo gen rapò ak atizay, se ki sa k te pouse w fè chwa sa yo Piterson ?


R: Mwen se yon moun ki renmen atizay depi m timoun, m te dekouvri talan pou atizay lakay mwen byen bonè, se rezon sa yo ki te pouse m fè rap ak eslam pou m pataje emosyon m aloral, fè penti pou m pataje emosyon m an imaj epi web maketin, grafik dizaynè ak editè foto pou m fè menm bagay la alekri/an imaj tou, paske atizay se pi gran/gwo pasyon m nan lavi.


4) Jiska jodi a se pi gran eksperyans ou te gen fè nan youn nan domèn ou yo oubyen nan tout Piterson ?


R: Sa k te plis make m nan rap sitou, se yon mizik mwen te fè ki pa t menm byen mikse alepòk, mizik sa ka gen 4 ane depi m te fè l, li rele "#Mwen #wè #twòp", se yon rap sosyal li ye, dayè m plis fè rap sosyal tou, epi gen yon radyo #Provo ki genyen yon emisyon politik ki pase sou li epi se mizik mwen an yo te pran kòm endikatif teknik, sa te etone m an menm tan bay mwen plis motivasyon pou m kontinye fè rap sosyal. Se yon zanmi m genyen k ap viv #Provo ki te mete m okouran sou sa e ki te pèmèt mwen tande emisyon sa yon lè tou. Se sa k fè li enpòtan pou tout moun fè bon zèv paske zèv nou yo ap viv plis tan pase nou, y ap rive petèt kote nou menm nou ka pa janm rive.


5) Tout moun k ap viv oubyen k ap antreprann youn oubyen plizyè aktivite, ta renmen reyalize gran/gwo bagay, se ki pi gwo/gran rèv ou Piterson ?


R: Pi gran rèv mwen genyen sitou nan domèn web maketin, grafik dizaynè avèk editè foto, se rive kreye yon platfòm kote gen plizyè moun k ap travay ladann swivan konpetans yo, nan yon menm objèktif, ki se kreye nouvote, fòme plis moun nan domèn sa yo, pataje konesans nan domèn sa yo, elatriye, pou yon jou platfòm sa vin mondyalman rekonèt.


6) Byenke w genyen anpil wout devan w toujou paske w jèn, men w gentan fè anpil wout deja tou, se ki konsèy ou ka pwodige yon jèn ki fin fè etid klasik li men ki pa deside aprann anyen, oubyen ki rive nan wout men ki pa chwazi fini lekòl klasik yo ?


R: Konsèy mwen ka bay yon jèn ki fin fè tout etid klasik li epi ki dekouraje akoz sitiyasyon peyi a. Si w fin fè tout pakou sa epi w pa chwazi kontinye aprann, pou mwen menm yon jèn konsa fè #fayit, se tankou l te fin lave men l epi l siye li atè. L ap pi bon si w kontinye aprann oubyen si w aprann yon bagay ou gen pasyon pou li, pa chwazi fè etid pou w satisfè paran w sèlman, fè etid ou renmen, aprann sa w renmen, kit se yon etid inivèsitè, kit se yon metye manyèl, w ap reyisi kanmenm ladann menm si w wè peyi a nan eta sa. Pa dekouraje.


7) Avan nou mete fen nan ribrik nou pou jodi a, estaf #KÈCHO a bezwen konsèy avèk rekòmandasyon w tou. Pale avèk nou tanpri. N ap pran nòt.


R: Sa m ka di, m panse se yon trè bèl/bon/gwo/gran inisyativ estaf ribrik la pran, m swete yo elaji kad la, si sa pa t deja nan entansyon yo, sa vle di fè ribrik sou nenpòt moun, kit li rich ou pa, kit li fè gwo etid ou pa, depi aktivite l ap antreprann nan merite jwenn vizibilite pa ezite fè sa. Se konsèy mwen pou estaf la e se yon plezi pou mwen pou m te patisipe avèk nou nan Ribrik KÈCHO a, mwen panse nou prale trè lwen. M t ap bliye di nou sa tou, lè n jwenn chans pale avèk yon moun pou yon ribrik, m swete nou chèche yon fason pou n motive moun sa dirèkteman tou nan aktivite l ap antreprann nan, si nou ta santi li yon jan neglijan pwofite bay li kèk konsèy k ap ka ede l grandi plis. Kontinye ede moun nan fason nou kapab.


Si w bezwen sèvis Zoe Lima tou hit ou ka rele l oubyen ekri l nan : (509) 4605-4190.

Commentaires

  1. Jèn gason sa ap travay nan La Sélecte fotografi Okap si m pa twonpe m. Epa miche te konn chante tou 🤔!

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. Nou fè Plizyè bagay nan Peyi,a . Nou still pozitif koz Nou poko pèse

      Supprimer

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...