Kwen Powetik Kècho...
Dèy...
Deyò n tou nèf anndan n pouri
dan n blan men n pa ka souri
swè kò n tankou lwi l lavi nou l ap fri
kè n fè fimye men n pa ka pote fwi
chak jou n ap kriye san dlo
lespri n sèch nanm nou inonde
rèv nou yo kache nan fè lago
kouraj nou pran lari tou debraye
moralite vin tounen jouman gad on tan
medyokrite gratis sou tout gran ekran
lekòl ak inivèsite fin sou nan bwè alkòl
kounya se sèl koripsyon ki gen monopòl
chak jou w leve se plis move nouvèl
menm lanmò tande "Ayiti" li gen kakarèl
tèlman l pè pou l pa mouri avan lè
èske se pa peyi dAyiti ki lanfè
siy dèy ranplase drapo dayè l monte chak jou
siksè yon jèn ayisyen se Biden ak peyi san chapo
militan pou mil goud oubyen kwoupi do
diplòm pa konte ankò konesans tounen labou
mwen pa p janm konseye w abandone
rete onèt menm si l ap pran tan pou w rive
jou dèy yo gen pou pase
efò w yo pral rekonpanse.
Malherbe JOSEPH (Relem Moun).
21 Jiyè 2023, 11è 30 P.M.

Commentaires
Enregistrer un commentaire