Articles

Affichage des articles du juillet, 2023

Kwen Powetik Kècho...

Image
  Dèy... Deyò n tou nèf anndan n pouri dan n blan men n pa ka souri swè kò n tankou lwi l lavi nou l ap fri kè n fè fimye men n pa ka pote fwi chak jou n ap kriye san dlo lespri n sèch nanm nou inonde rèv nou yo kache nan fè lago kouraj nou pran lari tou debraye moralite vin tounen jouman gad on tan medyokrite gratis sou tout gran ekran lekòl ak inivèsite fin sou nan bwè alkòl kounya se sèl koripsyon ki gen monopòl chak jou w leve se plis move nouvèl menm lanmò tande "Ayiti" li gen kakarèl tèlman l pè pou l pa mouri avan lè èske se pa peyi dAyiti ki lanfè siy dèy ranplase drapo dayè l monte chak jou siksè yon jèn ayisyen se Biden ak peyi san chapo militan pou mil goud oubyen kwoupi do diplòm pa konte ankò konesans tounen labou mwen pa p janm konseye w abandone rete onèt menm si l ap pran tan pou w rive jou dèy yo gen pou pase efò w yo pral rekonpanse. Malherbe JOSEPH (Relem Moun). 21 Jiyè 2023, 11è 30 P.M.