KÈCHO RIBRIK AK KLE (19/05/2023).
N ap chèche konnenN ap aprann konnenN ap aprann ou konnen. 👉💡🧠
Jodi a estaf kècho ribrik la vin prezante w yon ribrik tou kout, sou yon thread yon fanm ayisyen te fè 16 Mai ki sot pase a, nan lè 9è 49 nan maten sou twitè, ki jodi a vin viral paske l preske rive gen 2 Milyon vyou, san konte like, kòmantè, ritwit ak twit site.
An n li ti istwa ekstraòdinè sa pou n kontinye aprann, sou eksplwa Kantania Célestin ki se moun "Mirebalais" fè sou rezo sosyal twitè.
Yon fanm ayisyen ki rele "Fanm chans mwen" sou twitè, ki gen username m li ki se : @Kanta_Nia, k ap viv nan kominote ayisyen an nan peyi D Ayiti, fè yon thread avan yè la sou "Bèl souri 😁", jodi a thread sa pa lwen rive nan 2 Milyon vyou, san konte like, kòmantè, ritwit ak twit site yo.
Selon chif sa yo, sitou pou kesyon vyou yo, ta sanble se premye fwa yon ayisyen k ap viv nan kominote ayisyen an nan peyi D Ayiti, rive fè yon eksplwa konsa sou twitè, ki se yon rezo sosyal ki difisil anpil, se sa k fè anpil enflyansè pa renmen itilize rezo sosyal sila.
Pandan n ap pwofite di @Kanta_Nia felisitasyon pou bèl gwo gran eksplwa sa, ki pwouve n yon lòt fwa gen espwa toujou pou moun k ap fè bon bagay ak moun k ap ankouraje lòt moun, pou yo kontinye fè bon bagay 👉💡🧠,
nou envite w monte sou twitè, tape @Kanta_Nia ki gen non Fanm Chans Mwen, pou w al gade bèl souri k ap degaje ak yon enèji pozitif sou vizaj moun yo, malgre doulè enteryè anpil nan yo ka resanti.
Thread @Kanta_Nia sa se yon gwo terapi, paske griyen dan se bagay ki bon anpil pou sante moun. N ap konseye w "Souri souri w" toutotan souf ou poko koupe e menm nan sèkèy ou se avèk yon souri sou vizaj ou nou swete w ale.
Enimò Haïti te deja di nou jou a la, nou p ap kite anyen ni pèsonn dekouraje nou.
Malherbe JOSEPH
(Relem Moun)
Redaktè pou Kècho ribrik.


❤❤❤❤❤❤
RépondreSupprimerMèsi!
Supprimer