Kwen Powetik Kècho (1e Me 2023).



Bòn fèt Madjigridji ak Grapyay 🇭🇹!


Kèk pami nou, ap travay, se vre,

men, mantal nou sekestre,

paske n gen yon salè andikape,

malgre sa n ret kanpe.


Kèk pami nou kontinye plante,

men se san nou🩸, nou rekòlte,

nou pa ka vann, pa gen jou mache,

semans vin tounen vyann, akoz bwa kale.

Bòn fèt #madjigridji ak #grapyay 🇭🇹!

Malherbe JOSEPH

(Relem Moun)

1e Me 2023, 10è nan maten.

Commentaires

  1. Met sou sa, pa gen pouvwa dacha nan peyi a. Anpil nan machann yo konn pase jounen an, pa gen moun ki vin menm machande pwodwi y ap vann nan. Kanta pou semans yo menm, se 15% ki bon nan yo, psk gen yon politik tout peyi nan zòn nou ye la se detwi Ayiti pou yo sibzste, pou yo kenbe monopòl la. Si Ayiti ta vin pran kap li, l ap fatal yo.
    À bon entendeur, salut!🙏

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. Mèsi anpil fanmiy, lanati kontan pou kòmantè w la. Banm èy gaye nouvèl sa.

      Supprimer
  2. Kontinye avanse san kanpe

    RépondreSupprimer
  3. Bòn fèt a ou menm tou

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...