Kwen Powetik Kècho (25 Novanm 2009, 10è nan maten)


 Menm si !!!


Menm si moun ap imilye w, y ap di w pa gen valè, y ap di w menm anyen gen plis valè pase w. Konnen, gen yon grenn moun ki pa dwe ni di, ni kwè sa sou tèt ou, se ou menm.

Menm si yo pa konprann ou oubyen y ap fè tankou yo konprann ou, pandan y ap jije w, blame w pou w fè w kwè se ou menm ki pi pa bon. Konnen, moun ou dwe plis kwè nan li a se ou menm.

Menm si yo pa renmen w epi y ap fè w kwè yo renmen w pandan y ap blese w san rete. Konnen, moun ou dwe plis renmen an, premye moun ou dwe kwè ki renmen w tout bon an, se ou menm.

Menm si yo pa janm bouke chèche plizyè fason pou yo dekouraje w, nan plede di vye koze sou non w. Konnen, se pa sa y ap di sou ou yo ki pi enpotan, men,se sa w ap di sou tèt ou, ou menm.

Menm si yo di w yo pral fè yon bagay pou ou, malgre yo gen mwayen pou yo ta fè l epi yo rizibye w, yo pa fè l, di yo mèsi avèk tout kè w. Epi konnen, se yon sèl moun ki te la yè, ki la jodi a e k ap toujou la avèk ou, se ou menm.

Menm si yo te kanpe nan kan w yè, yo kanpe avèk ou jodi a, epi demen w rete konsa w pa wè youn nan yo, san w pa konn sa w fè ki merite sa. Menm si yo pa janm rann ou resipwosite nan byen w fè pou yo. Kontinye fè byen epi konnen sou latè pa gen pesonn ki tankou w menm.

E menm si m fin di w tout bagay sa yo, menm si w ta li yo oubyen w ta chwazi memorize yo, w ap wè yo pa itil ou anyen vrèman, si w pa pran konsyans pou w reyalize, premye ak pi gwo advèsè w genyen an, se ou menm.

Otè : Malherbe JOSEPH (Relem Moun)
         Mèkredi 25/11/2009, 10è nan maten.

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...