KÈCHO RIBRIK 31 Mas 2023.



N ap chèche konnen.

N ap aprann konnen.

N ap aprann ou konnen.


#KÈCHO ki se yon ribrik ki kòmanse bay anpil moun kè cho ak tèt cho tèlman yo enpasyan pou yo wè nouvo soti yo. Estaf la te gen chans pale sa gen kèk jou avèk yon jèn atis ayisyen k ap evolye nan sektè mizikal la nan peyi D Ayiti, k ap viv Pòsali (Port-salut) men anpil moun pa twò rekonèt li. An n gade kòman l te reponn kèk kesyon nou te poze l. An n ale 🫵👀👇!


1) Nou ta renmen konnen kòman w ye, kòman w santi w jodi a pandan RIBRIK KÈCHO kòmanse rantre lakay ou ?

R: Mwen salye tout staff la , mwen anfòm gras ak Dye , Mwen kontan anpil pou m patisipe nan ribrik la, deja kè m te cho pou m te pase nan kècho.


2) Nou ta renmen konnen non konplè ou, ki kote w fèt, ki kote w ap viv ?

R: Non konplè Mwen se Alexandre Casimir. Mwen fèt Delma 32, m ap viv Pòsali nan moman an.


3) Se ki aktivite atistik ou fè e se depi konbyen tan w ap fè aktivite sa ?

R: Mwen chante, mwen ekri Mizik , pou m byen di nou mwen nan mizik kèk tan mwen paka presize depi nan ki ane.


4) Èske w ka prezante nou yon bilan ki pa twò long sou karyè w, tankou nou ta renmen w pale nou sou kèk kolabo ou fè deja ?

R: Nou Fè anpil bagay deja wi.

M pase nan yon gwoup ki te rele "b-hood333" lè sa nou te kolabore avèk Steeve Valcourt.

Mwen te nan Yon mouvman ki rele #blòkfò ki gen #Passito nan tèt li.


5) Èske w pa genyen yon pwojè k ap kuit nan estidyo. Si wi, èske se yon pwojè solo oubyen yon kolabo, si se yon kolabo, se konbyen/ki atis k ap ladann ?

R: M gen 2 pwojè ki nan estidyo men sa piblik la ap jwenn avan an, mwen fè l nan kolaborasyon avèk Enimò Haïti 


6) Pou jan #HMI la difisil anpil e sitou sektè medyatik la pa penetrab pou tout atis, se ki jan w jere pwomosyon mizik ou jiskaprezan ?

Sa k motive w jiskaprezan ki pèmèt ou pa dekouraje ?

R: HMI la difisil vre wi.

Nou Fè pwomosyon atravè rezo sosyal yo. Nou gen kek zanmi ki renmen sa nap fè a ki pa janm sispann pataje yo pou nou, se lanmou nou gen pou mizik ki fè nou pa janm dekouraje.


7) Dènye kesyon nou, se ki konsèy ou ta renmen bay jenès ayisyen an sitou sa k gen yon bagay yo ka fè epi ki dekouraje akoz sitiyasyon peyi a. Ki sa w swete pou estaf Ribrik KÈCHO a ?

R: Se pa peyi a ki dwe ofri nou, men se nou menm ki pou ofri peyi a, pa janm dekouraje, paske sa wap fè a avèk sa w ka fè a se zam ou .

Mwen swete staff KèCho a toujou fè inovasyon paske gen twòp bouyon rechofe nan medya a.

Mèsi !!!

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Kwen Powetik Kècho (14/05/2023).

Kwen Powetik Kècho...

Kwen Powetik Kècho...